Creole (Haiti)
Ex. 20:1-17
1 Bondye pran pale, li di:
2 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye
nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
3 Piga nou gen lòt bondye pase
mwen menm sèlman.
4 Piga nou janm fè ankenn estati
ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou
ankò nan dlo anba tè a.
5 Piga nou adore yo, ni piga nou
sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè
jalouzi. Lè yon moun rayi m’, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit
pitit li yo peye sa.
6 Men, lè yon moun renmen m’, lè
li fè sa m’ mande l’ fè, m’ap moutre l’ jan mwen renmen l’ tou ansanm ak tout
pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
7 Piga nou sèvi mal ak non Seyè
a, Bondye nou an, paske Seyè a p’ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
8 Toujou chonje jou repo a pou
nou mete l’ apa pou mwen.
9 N’a travay sis jou. Lè sa yo
n’a fè tou sa nou gen pou fè.
10 Men, setyèm jou a, se jou repo
pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p’ap fè ankenn travay,
ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k’ap travay lakay nou,
ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
11 Paske, Seyè a te pran sis jou
pou l’ fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou
setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l’ apa
pou li.
12 Respekte manman nou ak papa nou
pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
13 Piga nou touye moun.
14 Piga nou fè adiltè.
15 Piga nou pran sa ki pa pou nou.
16 Piga nou bay manti sou frè
parèy nou.
17 Piga nou pote lanvi sou sa ki
pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k’ap sèvi
lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè
parèy nou.